Si chak jou te ka Nwèl,
Yon limyè t’ap briye nan syèl.
Yon jou kote tout moun reyini,
Pote lanmou, pote lavi.
Timoun yo ap danse, pidetwal nan men yo,
Lè Nwèl rive, lavi vin pi dous pou tout moun.
Yon chalè ranpli kè’n, kè kontan ap gaye,
Nan chak ti kwen, ou tande y’ap chante.
Si chak jou te ka Nwèl,
Tout mizik tap ranpli syèl.
Kado lanmou, kado espwa,
Pou tout timoun, nan chak lakou.
Yon mond kote rèv pap janm fini,
Si chak jou te fèt Nwèl.
Gade fanal ki klere nan tout lari,
Fè nwa disparèt, lali’n klere lannwit.
Souri timoun yo tankou flè k’ap louvri,
Lavi vin pi bèl, ou santi tout bagay reyini.
Se pa sèlman kado nan papye,
Se chalè nan lanmou nou vle pataje.
Yon fèt ki f è kè kontan,
Yon kè ki bliye soufrans lontan.
Si chak jou te ka Nwèl,
Tout mizik tap ranpli syèl.
Kado lanmou, kado espwa,
Pou tout timoun, nan chak lakou.
Yon mond kote rèv pap janm fini,
Si chak jou te fèt Nwèl.
Se pou n’ pran leson nan lide Nwèl la,
Se yon istwa ki ka chanje tout lavi nou.
Si nou mete ansanm, chak jou ta yon fèt,
Yon jou kote lanmou se sèl repons pwoblèm nou.
Si chak jou te ka Nwèl,
Tout mizik tap ranpli syèl.
Kado lanmou, kado espwa,
Pou tout timoun, nan chak lakou.
Yon mond kote rèv pap janm fini,
Si chak jou te fèt Nwèl.